Yon Premye Plan Dantè
MCNA Dental (Managed Care of North America) se yon konpayi jesyon avantaj dantè ki bay sèvis kalite siperyè pou ajans Medicaid eta a ak òganizasyon swen kontwole pou manm Medicaid yo, manm Children's Health Insurance Program (CHIP) yo, ak manm Medicare yo. MCNA ap sèvi apeprè 5 milyon timoun ak adilt ansanm ak kèk manm ki pi defavorize nan sosyete a avèk misyon pou amelyore sante jeneral yo lè nou asire yo jwenn bon kalite swen dantè.
Misyon nou se pou bay valè pou kliyan ak pwofesyonèl swen dantè nou yo. Pou fè sa, nou bay yo aksè nan ekselans pou kalite ak sèvis ki amelyore rezilta sante bouch manm nou yo.
MCNA ofri plan dantè tou pou patwon prive, moun ak fanmi yo. MCNA devwe pou vin yon vrè patnè nan jesyon pwogram dantè ou. Nou pran angajman pou travay avèk ou pou reyalize tout bon kalite objektif ou yo, objektif operasyonèl ou ak objektif finansye ou pou pwogram dantè ou. Nou ankouraje ou epi nou envite ou pou kontakte nou pou aprann fason nou kapab vin vrè patnè.
Sèvis nou yo
MCNA ofri yon seri sèvis konplè pou kliyan yo. Tout pwogram nou yo opere nan yon estrikti amelyorasyon kalite k ap kontinye, sa ki vle di nou konsantre sou fason pou bay valè ki toujou ap ogmante pou kliyan nou yo:
- Rezo Dantè pou Swen Prensipal ak Swen Espesyalite
- Jesyon Rezo Dantè (ansam avèk Pwofil Pwofesyonèl Swen Dante)
- Sèvis Sètifikasyon ki konfòm avèk NCQA
- Sèvis ak Edikasyon pou Manm yo
- Relasyon avèk Pwofesyonèl Swen Dantè ak Edikasyon
- Fason nou Travay sou Reklamasyon yo
- Amelyorasyon Kalite
- Chwa Pwogram Dantè pou Kay
- Kontwòl Itilizasyon
- Pwogram Konfòmite, tankou Idantifikasyon Fwod, Gaspiyaj ak Abi
- Enskripsyon
- Rapòtaj ak Ransèyman Komèsyal (disponib 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semèn)
Rezo Pwofesyonèl Swen Dantè nou
MCNA gen yon rezo konplè dantis ak espesyalis pou satisfè tout bezwen dantè ou. Anplis pratik dantè ki endepandan ak afilye, nou ofri yon sistèm avantaj sante dantè nan eta a pou plizyè kalite patwon gwo ak piti, epi pou moun ak fanmi yo. Nou ofri tou pwogram ak sistèm rapòtaj ki bay manm nou yo pwogram ak sèvis avantaj dantè bon kalite epi ki pa chè.
Espètiz pwofesyonèl swen dantè nou kapab sèvi patisipan pwogram nan san pwoblèm nan distans jewografik ak tan pou deplasman ki rezonab. Nou devlope bon jan rezo pwofesyonèl swen dantè lè nou chwazi avèk prekosyon sa ki gen eksperyans yo pou satisfè bezwen espesyal popilasyon sa a.
Angajman nou pou Bon Kalite Swen Dantè
Nan MCNA, n ap fè efò pou nou pi bon epi pou kenbe tèt nou nan prensip siperyè Swen Kontwole.
Nou diferan nèt paske nou vin premye plan dantè nan peyi a ki resevwa rekonpans URAC Dental Plan Accreditation nan pwogrè nou fè pou asire MCNA ofri ekselan sèvis ki satisfè tout kritè swen endistri a.
Nou resevwa tou Akreditasyon Komite Nasyonal pou Asirans Kalite [National Committee for Quality Assurance (NCQA)] nan Akreditasyon ak nan Re-Akreditasyon* Pou sipòte konsèvasyon onètete done yo rapòte sou plan nasyonal, ou te fè yon NCQA-Certified HEDIS® Compliance Audit™ tou, epi nou te resevwa so siyati NCQA, ki rekonèt mezi kalite dantè nou yo respekte kritè Ansanm Done ak Enfòmasyon sou Efikasite Swen Sante [Healthcare Effectiveness Data and Information Set (HEDIS)] pou presizyon.
Nou te fè yon odit SOC 2 endepandan ak twazyèm pati avèk siksè sou pwosesis ak kontwòl ki asire sekirite ak disponiblite sistèm jesyon enfòmasyon ak done nou yo. Se AICPA ki te fè odit sa a.
Sètifikasyon sa yo montre angajman nou kontinye pran pou opere anba prensip kalite siperyè pou manm nou yo, pwofesyonèl swen sante nou yo, ak kliyan nou yo.
* NCQA te revize epi sètifye fonksyon Akreditasyon ak Re-Akreditasyon MCNA sèlman. Pou jwenn detay konplè sou enpòtans revizyon sa a, ale sou sitwèb www.ncqa.org.
Angajman nou pou Ekselans
MCNA pran angajman pou toujou gen nivo prensip pwofesyonèl ak etik nan fason n ap fè biznis nou. Nou mete bon jan valè sou repitasyon nou vin genyen nan di pou onètete, entegrite ak prensip etik siperyè.
Depatman Konfòmite nou pran angajman pou prensip etik siperyè ak entegrite toupatou nan òganizasyon nou an. Depatman an ap fè efò pou toujou asire nou respekte tout règ, règleman ak gid yo nèt nan edikasyon ak kontwòl.
Pwogram konfòmite nou an ankouraje onètete, konpòtman etik pandan operasyon lajounen MCNA. Pwogram nan se angajman fòmèl nou pou manm nou yo, pwofesyonèl swen dantè nou yo ak patnè nou yo, epitou pou ajans gouvènman ki kontwole nou, pou verifye si n ap bay bon kalite sèvis nan yon mannyè ki etik ak konfòm.
MCNA konprann epi aksepte responsablite li pou detèmine, fòme ak kontwole respè nan nivo konpayi an pou tout gid HIPAA pou asire epi pwoteje sekrè Enfòmasyon Pwoteje sou Sante. Pou asire konfòmite, Ofisye ki Responsab Enfòmasyon prive MCNA fè fòmasyon ak kontwòl toutan pou detekte posib vyolasyon yo.
Se responsablite tout anplwaye MCNA yo, manm komite ak manm konsèy, ak pwofesyonèl swen dantè yo pou respekte gid HIPPA mete anplas yo, pou konsève sekrè Enfòmasyon Pwoteje sou Sante, epitou pou rapòte vyolasyon yo sispèk yo.
Angajman nou pou Sante Bouch
MCNA gen enfrastrikti, jesyon kalifye, ak anplwaye ki resevwa bon jan fòmasyon ki nesesè pou bay sèvis administrasyon avantaj dantè kalite siperyè.
MCNA asire yo bay tout sèvis klinik ak sèvis ki pa klinik yo nan yon mannyè ki konpetan sou plan kiltirèl epi ki fasil pou jwenn pou tout manm yo, tankou manm ki pa konpetan nan lang Anglè yo, manm ki pa gen ase ladrès pou li, ak manm ki gen andikap pou tande.