Eksperyans Pote Ekselans
Komite dirijan sosyete nou an ap jere kwasans MCNA k ap kontinye toupatou nan Etazini. Antou, yo gen plis pase 200 ane eksperyans nan swen pasyan, administrasyon finansye ak konfòmite nan sosyete a. Angajman yo nan sèvis pou manm Medicaid, manm CHIP ak manm Medicare se yon konpetans debaz MCNA.
Nou envite ou pou chèche konnen dirijan santral nou yo anba la a:
![]() |
Shannon Boggs-Turner, JD
Vis Prezidan Egzekitif
Shannon Boggs-Turner sèvi kòm Vis Prezidan Egzekitif nan MCNA. Mz. Boggs-Turner se yon egzekitif ki fè prèv li ki gen talan analitik ekselan ak yon pakèt eksperyans nan jesyon zafè... Kontinye Lekti »Shannon Boggs-Turner sèvi kòm Vis Prezidan Egzekitif nan MCNA. Mz. Boggs-Turner se yon egzekitif ki fè prèv li ki gen talan analitik ekselan ak yon pakèt eksperyans nan jesyon zafè planifikasyon nan ni sektè komèsyal la ni sektè gouvènmantal la. Pandan l ap sèvi kòm Komisè pou Commonwealth Kenntèki, li resevwa apwobasyon CMS pou premye Lwa Rediksyon Defisi nan Planifikasyon Refòm Medicaid nan nasyon an. Li te sèvi tou kòm Vis Prezidan Egzekitif pou University Health Care, Inc., yon founisè MCO ki sponnsorize avèk liy biznis Medicaid ak Medicare. Diran titilarizasyon l plan an te klase an konsistans nan Tòp 20 Plans Sante Medicaid NCQA yo nan Etazini. Talan Mz. Boggs-Turner nan analiz ak enplemantasyon regilasyon nivo leta ak federal yo ede nan rasirans ke fokis operasyonèl MCNA rete aliyen avèk bezwen k ap evolye yo ak egzijan pou chak patnè leta konpayi an. |
![]() |
Daniel Salama, BSE
Direktè Sistèm Enfòmasyon ak Sekirite
Daniel Salama se Direktè Sistèm Enfòmasyon ak Sekirite pou MCNA. M. Salama ap dirije yon ekip pwofesyonèl nan domèn Enfòmatik nan devlopman, antretyen, ak kwasans kontinyèl nan... Kontinye Lekti »Daniel Salama se Direktè Sistèm Enfòmasyon ak Sekirite pou MCNA. M. Salama ap dirije yon ekip pwofesyonèl nan domèn Enfòmatik nan devlopman, antretyen, ak kwasans kontinyèl nan DentalTrac™, yon sistèm jesyon enfòmasyon nan MCNA. Nan tout karyè li, M. Salama te travay plizyè travay men gwosè, ki enkli fè dizay enfrastrikti ak lojisyèl pou Founisè Sèvis Entènèt yo pou 13 peyi nan Amerik Latin lan pandan l te sèvi kòm Direktè an Chèf Teknoloji pou "IFX Corporation", yon konpayi sou mache piblik la. Li te bati yon rezo telefòn ak sistèm livrezon sou entènèt toupatou nan mond lan, epi l dizay yon sistèm lojisyèl ki te epanye Komisyon Echanj Kòb nan Venezwela a plizyè milya dola ki t ap pèdi lakòz fay nan pwosesis verifikasyon an ak mankman sistèm kontwòl. Anba jesyon M. Salama, Depatman Sistèm Enfòmatik nan konpayi an, MCNA, te resevwa anpil rapò SOC 2, ki bay asirans responsablite ke pwosesis ak kontwòl ki sou plas yo apwopriye nan efikasite dizay ak operasyon. |
![]() |
Mayre Herring Thompson, MHSA, CHC
Responsanb Konfòmite ak Règleman Vi Prive
Mayre Herring Thompson sèvi kòm Responsab Konfòmite ak Règleman Vi Prive nan MCNA. Mz. Herring Thompson sipèvize pwogram Konfòmite ak HIPAA yo nan MCNA, ki enkli tout aktivite regilasyon... Kontinye Lekti »Mayre Herring Thompson sèvi kòm Responsab Konfòmite ak Règleman Vi Prive nan MCNA. Mz. Herring Thompson sipèvize pwogram Konfòmite ak HIPAA yo nan MCNA, ki enkli tout aktivite regilasyon konfòmite yo. Li sèvi kòm yon pwen kontak kle avèk patnè leta yo. Kòm yon ansyen regilatè nan Florida Medicaid, li siveye plan swen ki sou kontwòl yo pou kenbe konfòmite kontra yo epi patisipe avèk siksè nan ankèk akreditasyon NCQA, URAC, ak AAAHC yo. Eksperyans li avèk Bureau of Managed Care nan Ajans Florida pou Administrasyon Swen Sante sèvi kòm baz pou fokalizasyon l pou mentni relasyon travay pozitif avèk regilatè leta yo ki toujou ap pedale yo. Nan MCNA, Mz. Herring-Thompson itilize yon apwòch ki oryante sou rezilta pou l rasire l ke tout egzijans kontra yo satisfè; se yon bagay ki siyifi idantifikasyon pwoaktif kèk pwoblèm potansyèl sou konfòmite ak vi prive. Li sipèvize tou Tretman Reklamasyon URAC MCNA yo ak pwosesis Akreditasyon Plan Dantè yo. |
![]() |
Ronald Ruth, DDS
Dantis an Chèf, MCNA Dental Plans
Dr. Ronald Ruth ap travay kòm Dantis an Chèf pou MCNA Dental Plans. Dr. Ruth t ap sèvi nan wòl sa a depi lane 2008, avèk sipò li te jwenn nan yon konbinezon eksperyans li resevwa nan swen... Kontinye Lekti »Dr. Ronald Ruth ap travay kòm Dantis an Chèf pou MCNA Dental Plans. Dr. Ruth t ap sèvi nan wòl sa a depi lane 2008, avèk sipò li te jwenn nan yon konbinezon eksperyans li resevwa nan swen sante kontwole inovatif ak konesans operasyonèl nan pratik dantè. Nan ane 2014, li te resevwa distenksyon paske li te vin yon manm Konsèy Konsiltatif pou URAC (Advisory Board for URAC), kote l ap bay kontribisyon li nan fòmasyon ak mizajou nòm pou konpayi asirans dantè yo. Li gen yon lisans dantis nan eta Florida depi pase 50 lane e li se Manm pou Lavi nan Asosyasyon Dantis Florida. Dr. Ruth te yon ko-fondatè nan premye plan jesyon swen dantè nan Florida epi l jere yon gwoup pratik dantè milti-espesyalite avèk plizyè klinik k ap sèvi plis pase 200,000 pasyan. Repitasyon solid li nan kominote dantè pwofesyonèl Florida ak nan lòt kominote pèmèt li konekte nan yon fason ki enteresan anpil avèk founisè swen sante rezo nou an sou pwoblèm swen ki grav. |
![]() |
DeDe Davis
Vis Prezidan nan ekip Amelyorasyon Kalite ak Jesyon Swen Dantè
DeDe Davis se yon egzekitif ki pwouve tèt li avèk yon istorik divèsifye nan operasyon liy biznis swen sante klinik ak non klinik atravè Medicaid, Medicare, ak komèsyal. Kòm Vis Prezidan nan... Kontinye Lekti »DeDe Davis se yon egzekitif ki pwouve tèt li avèk yon istorik divèsifye nan operasyon liy biznis swen sante klinik ak non klinik atravè Medicaid, Medicare, ak komèsyal. Kòm Vis Prezidan nan ekip Dental Management and Quality Improvement lan, le opere nan patenarya avèk Direktè an Chèf Sèvis Dantè yo pou l amelyore epi sipèvize pwogram Amelyorasyon Kalite ak Jesyon Swen Dantè MCNA yo. Pandan l t ap sèvi nan US Navy, Mz. Davis te kòmanse karyè li nan jesyon ak operasyon swen sante avèk Anthem Blue Cross and Blue Shield. Li te sèvi tou kòm responsabl egzekitif pou operasyon swen sante avèk fanmi konpayi Amerihealth Mercy. Anvan l te vin jwenn ekip egzekitif MCNA a, Mz. Davis t yon Vis Przidan nan Operasyon Klinik ak Medicare pou ikaSystems kote li te dirije ekip konplè nan pwodui medikal ak jesyon teknoloji, ki enkli devlopman ak enplemantasyon pwodui Medicare. Palmarès ki enpresyonan li demontre abilite l nan konekte kliyan yo, epi sa mennen nan lidèchip pou dizay ak enplemantasyon pwogram ki mennen na amelyorasyon ki trè siyifyan statistikman ni nan rezilta klinik ni nan operasyon nan plan swen ki jere yo. |
![]() |
Linda Altenhoff, DDS
Vis Prezidan Kontwòl Entegrite Pwogram
Dr. Linda Altenhoff sèvi kòm Vis Prezidan Kontwòl Entegrite Pwogram pou MCNA. Dr. Altenhoff se ansyen Chèf Sèvis Dantè pou Komisyon Sèvis Sante ak Sèvis Imen, Biwo Enspektè Jeneral epi li... Kontinye Lekti »Dr. Linda Altenhoff sèvi kòm Vis Prezidan Kontwòl Entegrite Pwogram pou MCNA. Dr. Altenhoff se ansyen Chèf Sèvis Dantè pou Komisyon Sèvis Sante ak Sèvis Imen, Biwo Enspektè Jeneral epi li te rive nan anpil pozisyon lidèchip nan òganizasyon pwofesyonèl nasyonal ki enkli Prezidan nan Medicaid/Medicare/CHIP State Dental Association (MSDA) ak manm nan Konsèy Administratif nan Association of State and Territorial Dantal Directors (ASTDD). Yon danstis ki lisasye nan Tekzas, li gen plis pase 30 lane eksperyans pwofesyonèl kòm yon praktisyen dantè, yon konferansye ki rekonèt nasyonalman, epi yon lidè in sipèvizyon pwogram sante oral Medicaid ak CHIP. Dr. Atenhoff founi ekspètiz sipèvizyon l nan Inite Envestigasyon Espesyal MCNA nan moman l ap mennen aktivite ki sible fwod ak abi an konjonksyon avèk patnè leta yo ak Biwo Enspektè Jeneral la. |
![]() |
René Canales
Vis-Prezidan Angajman Pwofesyonèl Swen Dan
René Canales sèvis kòm Vis-Prezidan Angajman Pwofesyonèl Swen Dan pou MCNA. René se yon pwofesyonèl akonpli nan tout domèn Medicaid, CHIP, ak kontra avèk Medicare Advantage tankou relasyon... Kontinye Lekti »René Canales sèvis kòm Vis-Prezidan Angajman Pwofesyonèl Swen Dan pou MCNA. René se yon pwofesyonèl akonpli nan tout domèn Medicaid, CHIP, ak kontra avèk Medicare Advantage tankou relasyon avèk pwofesyonèl swen dan tretman reklamasyon yo ak sèvis kliyantèl. René te kòmanse karyè li nap devlope rezo pwofesyonèl swen dan nan Texas ak California anvan lite agrandi pratik li avèk Metlife pou sipèvize agrandisman an avèk siksè nan 14 eta. Li te sèvi tou kòm Ofisye Konfòmite avèk Premier Access Insurance Co. kote li te sipèvize tout aktivite konfòmite yo ansanm avèk devlopman règleman entèn kle yo ki asosye avèk lwa leta ak lwa federal ki kontwole pwogram komèsyal yo ak pwogram gouvènman. Kòm Vis-Prezidan Angajman Pwofesyonèl Swen Dan, René ap sipèvize yon pwofesyonèl devlopman rezo ki resevwa anpil fòmasyon depi li kontinye ap chèche amelyorasyon pwosesis la pou senplifye eksperyans pwofesyonèl swen dan yo epitou pou ogmante satisfaksyon an avèk sèvis MCNA ofri yo. Li kolabore regilyèman avèk komite egzekitif ki nan tout zòn operasyon yo poui gide estrateji devlopman rezo MCNA toupatou nan peyi a epitou pou asire kontinyasyon objektif “vwa” pwofesyonèl swen dan an. |
![]() |
Colleen Grace
Vis-Prezidan Asosye Operasyon
Colleen Grace sèvi kòm Vis-Prezidan Asosye Operasyon yo pou MCNA. Madam Grace gen yon eksperyans plis pase 30 ane nan operasyon Medicaid, ansanm ak lidèchip, ekspansyon swen kontwole a gran... Kontinye Lekti »Colleen Grace sèvi kòm Vis-Prezidan Asosye Operasyon yo pou MCNA. Madam Grace gen yon eksperyans plis pase 30 ane nan operasyon Medicaid, ansanm ak lidèchip, ekspansyon swen kontwole a gran echèl ak sipèvizyon pèmanan plan sante yo ak plan pou swen dan nan Eta Texas. Pandan li te alatèt seksyon Jesyon Plan Sante Texas Health ak Human Service Commission (Komisyon Sèvis Sante ak Sèvis Sosyal Texas), li te jwe yon wòl enpòtan nan devlopman règleman ki te gide aktivite kontwòl kontra epi ki te ankouraje relasyon travay avèk dirijan leta moun ki alatèt plan sante yo ak plan pou swen dan yo, moun ki konsène yo, asosyasyon yo ak ekip lejislatif la. Madam Grace te sèvi tou kòm Direktris Operasyon Plan Sante, yon wòl kote li te vin gen pi bon pratik yo pou plan sante yo satisfè chanjman ki planifye epitou ki te fasilite fowòm operasyonèl Medicaid ak CHIP. Li itilize konesans apwofondi li nan egzijans pwogram Texas Medicaid ak pwogram CHIP pou asire reyalizasyon objektif kle biznis lan epitou li kolabore nan tèt ansanm avèk ekip transvèsal MCNA pou aplike pwojè estratejik yo ki la pou ogmante nèt kalite sèvis nou bay pou manm nou yo, pwofesyonèl swen sante nou yo ak patnè enpòtan nou yo ki nan eta a. |
![]() |
Thomas Isbell, DDS
Direktè Sèvis Dantè Egzekitif, Arkansas
Dr. Thomas Isbell sèvi kòm Direktè Dante Egzekitif Arkansas MCNA. Dr. Isbell te vin Doktè Chiriji Dan nan University of Tennessee College of Dentistry, epi li se yon Manm Akademi Dantistri... Kontinye Lekti »Dr. Thomas Isbell sèvi kòm Direktè Dante Egzekitif Arkansas MCNA. Dr. Isbell te vin Doktè Chiriji Dan nan University of Tennessee College of Dentistry, epi li se yon Manm Akademi Dantistri Jeneral. Kòm yon pwofesyonèl swen dan k ap sèvi pasyan yo nan Arkansas pandan 45 ane, Dr. Isbell ofri lide espè nan pwogram Medicaid leta k ap evolye ofi-amezi kòm yon koneksyon ki enpòtan anpil avèk kominote dantè pwofesyonèl la. Nan ane 2017, li te resevwa Rekonpans Distenge pou Sèvis li nan Arkansas State Dental Association. Li se yon ansyen Prezidan Akademi Dantistri Jeneral Arkansas ak Sosyete Dantè Arkansas Northeast. Doktè Isbell se yon eleman fòmasyon kontini pèmanan ak pwomosyon dantistri kalite siperyè nan zòn riral kote timoun ak adilt ka gen pi gwo defi pou yo rive. Kòm Direktè Dante Arkansas MCNA, doktè Isbell ofri kalite dirijan espè pou ekip Evalyatè Klinik nou epi li sèvi kòm yon kokennchenn resous pou pwofesyonèl swen dan Arkansas nou yo. |
![]() |
Roger Sanger, DDS, MSD
Direktè Egzekitif, Idaho
Dr. Roger Sanger sèvi kòm Direktè Egzekitif nan Idaho. Dr. Sanger gen plis pase 40 lane eksperyans nan bay swen dantè konplè, bon kalite bay pasyan pedyatrik yo. Li gen yon istwa rich tou... Kontinye Lekti »Dr. Roger Sanger sèvi kòm Direktè Egzekitif nan Idaho. Dr. Sanger gen plis pase 40 lane eksperyans nan bay swen dantè konplè, bon kalite bay pasyan pedyatrik yo. Li gen yon istwa rich tou kòm yon edikatè, ki te rive nan ran Pwofesè Titilè nan Dantistri Pedyat epi tou kòm Prezidan Depatman Dantistri Pedyat ak Òtodontis nan University of Colorado Medical Center nan Dennvè. Li te sèvi tou kòm Pwofesè Klinik nan University of California San Fransisco School of Dentistry ak nan University of Southern California Dental School. Kòm Direktè Egzekitif MCNA Idaho a, li sipèvize fonksyon jesyon itilizasyon pou planifikasyon nan Idaho epi li gide aktivite operasyonèl pou ekip MCNA ki baze nan Idaho a. |
![]() |
John Ukich, DDS
Direktè Sèvis Dantè, Idaho
Dr. John Ukich sèvi kòm Direktè Sèvis Dantè nan Idaho. Dr. Ukich se yon moun ki gradye nan American Board of Pediatric Dentistry e li gradye nan Marquette University School of Dentistry. Li... Kontinye Lekti »Dr. John Ukich sèvi kòm Direktè Sèvis Dantè nan Idaho. Dr. Ukich se yon moun ki gradye nan American Board of Pediatric Dentistry e li gradye nan Marquette University School of Dentistry. Li gen plis pase 39 lane eksperyans depi l ap travay avèk popilasyon Medicaid ak CHIP nan Idaho nan pratik dantè pedyatrik prive. Apre li fin konplete yon rezidans pòs gradye pou de lane nan dantistri pedyatrik, Dr. Ukich pase senk lane l ap sèvi nan Lame Etazini kote l te afekte nan Almay Sid ak Kansas. Pandan l te nan afektasyon, li te sèvi kòm yon menntò ansèyman pou yon pwogram rezidans dantistri jeneral. Dr. Ukich te patisipe tou nan vwayaj misyonè dantè pedyatrik nan San Salvadò, Larisi, End, ak Meksik Santral. Kòm Direktè Sèvis Dantè MCNA pou Eta Idaho, Dr. Ukich founi sipèvizyon ak jesyon pou Revizè Klinik konpayi an yo, ki se pwen inisyal kontak pou dantis atravè Eta a. Relasyon kolaboratif sila a pwomote objektif MCNA a pou rasire ke moun ki resevwa Medicaid yo jwenn swen ak sèvis bon kalite, ki medikalman nesesè. |
![]() |
David McKeon, DDS
Direktè Egzekitif, Lwizyàn
Dr. David McKeon sèvi kòm Direktè Egzekitif nan Lwizyàn. Eksperyans li kòm yon pwofesè klinik nan Louisiana State University (LSU) School of Dentistry ak nan pratik prive nan Lwizyàn bay... Kontinye Lekti »Dr. David McKeon sèvi kòm Direktè Egzekitif nan Lwizyàn. Eksperyans li kòm yon pwofesè klinik nan Louisiana State University (LSU) School of Dentistry ak nan pratik prive nan Lwizyàn bay Dr. McKeon yon nivo siperyè konesans teknik ak yon konpreyansyon kiltirèl natirèl. Eksperyans gwo valè sa a pèmèt MCNA pou l pi byen satisfè bezwen ki genyen nan swen sante oral pou popilasyon Medicaid eta a. Li se ansyen Direktè Inite Otorizasyon Swen Dan Resous Sante Dan nan LSU, yon pòs travay kote li t ap sèvi kòm Direktè Dantè pou Depatman Sante ak Lopital nan Lwizyàn (DHH). Espètiz Dr. McKeon anrapò avèk Pwogram Medicaid Lwizyàn ak DHH asire ke MCNA se yon patnè efikas ak très responsab pou eta a. |
![]() |
Michael Giorlando, DDS
Direktè Sèvis Dantè, Lwizyàn
Dr. Michael Giorlando sèvi kòm Direktè Sèvis Dantè nan MCNA Lwizyàn. Dr. Giorlande se yon moun ki gradye nan Louisiana State University School of Dentistry. Apre gradyasyon, li sèvi kòm... Kontinye Lekti »Dr. Michael Giorlando sèvi kòm Direktè Sèvis Dantè nan MCNA Lwizyàn. Dr. Giorlande se yon moun ki gradye nan Louisiana State University School of Dentistry. Apre gradyasyon, li sèvi kòm enstriktè dantis nan teknoloji laboratwa dantè epi kòm asistan pwofesè klinik nan LSU School of Dentistry Oral Medicine and Radiology Department depi 1984 rive 1992. An diplis travay li nan LSU School of Dentistry, Dr. Giorlando mentni yon pratik dantè jeneral prive nan Nouvo Orleyan. Eksperyans klinik li marye avèk talan administratif egzekitif li yo ak jesyon ekip pèmèt li byen kominike avèk patnè Leta MCNA yo ansanm ak kominote dantè pwofesyonèl Lwizyàn lan. Kòm Direktè Sèvis Dantè MCNA, Dr. Giorlando founi sipèvizyon ak jesyon pou Revizè Klinik konpayi an yo, ki se pwen inisyal kontak pou dantis atravè Eta a. Relasyon kolaboratif sila a pwomote objektif MCNA a pou rasire ke moun ki resevwa Medicaid yo jwenn swen ak sèvis bon kalite, ki medikalman nesesè. |
![]() |
Scott Wieting, DDS
Direktè Egzekitif, Nebraska
Dr. Scott Wieting sèvi kòm direktè Egzekitif MCNA's Nebraska. Dr. Wieting se yon diplome nan University of Nebraska Medical Center College of Dentistry epi li te pratike nan Nebraska pandan... Kontinye Lekti »Dr. Scott Wieting sèvi kòm direktè Egzekitif MCNA's Nebraska. Dr. Wieting se yon diplome nan University of Nebraska Medical Center College of Dentistry epi li te pratike nan Nebraska pandan plis pase 38 ane. Pandan karyè li, li te pase tan li ak enèji li ap jwe wòl dirijan nan kominote swen dan pwofesyonèl. Li se yon ansyen Prezidan Asosyasyon Dantè Nebraska epi l ap sèvi kounye a kòm yon Delege Nebraska nan Asosyasyon Dantè Ameriken. Li se yon manm Komite Lejislatif Asosyasyon Dantè Nebraska tou. Antan Dantis Konsèy la, pou Kat Kwen Konsèy Sante, li gen yon enterè aktif nan sante jeneral kominote a. Dr Wieting sipèvize tout operasyon pwogram Nebraska epi antan lyezon prensipal MCNA avèk patnè eta nou an, li asire kowòdinasyon tout resous yo kòmsadwa. |
![]() |
Robert E. Roesch, DDS, MAGD
Direktè Sèvis Dantè, Nebraska
Dr Robert Roesch sèvi kòm Direktè Dantè Nebraska. Yon manm nan Asosyasyon Dantè Nebraska Hall of Fame, Dr Roesch se yon eleman dinamik pwofesyon dantè a ki sèvis kòm yon vwa pou dantis... Kontinye Lekti »Dr Robert Roesch sèvi kòm Direktè Dantè Nebraska. Yon manm nan Asosyasyon Dantè Nebraska Hall of Fame, Dr Roesch se yon eleman dinamik pwofesyon dantè a ki sèvis kòm yon vwa pou dantis parèy li yo avèk patisipasyon ekstansif li nan òganizasyon dantè pwofesyonèl eta ak nasyonal. Li se yon ansyen Prezidan Asosyasyon Dantè Nebraska ak Akademi Dantistri Jeneral Nebraska, epitou li te sèvi pandan sis ane kòm Pot-Pawòl Chanm Delege pou Dantistri. Pou kounye a, l ap kontinye sèvis li nan kominote dantè a kòm Prezidan Lejislatif Akademi Dantistri Jeneral. Antan Direktè Dantè Nebraska, Dr Roesch bay konsèy espè pou ekip sipèvizè klinik nou an ak sipèvizyon jeneral sou aktivite jesyon itilizasyon plan an. |
![]() |
Barney Olsen, DDS, MS
Direktè Sèvis Dantè, Utah
Doktè Barney Olsen sèvi kòm youn nan Direktè Swen Dan MCNA nan Utah. Doktè Olsen, yon Dantis Timoun Konsèy la sètifye se yon Diplomat Konsèy Òtodontis Ameriken ak Manm Kolèj Dantis... Kontinye Lekti »Doktè Barney Olsen sèvi kòm youn nan Direktè Swen Dan MCNA nan Utah. Doktè Olsen, yon Dantis Timoun Konsèy la sètifye se yon Diplomat Konsèy Òtodontis Ameriken ak Manm Kolèj Dantis Ameriken. Li te resevwa diplòm Doktè li pou Operasyon Dan nan University of Texas Health Science Center nan Houston School of Dentistry. Depi ane 1994, li t ap opere yon klinik prive pou bay swen òtodontik ak swen dan pou timoun ak swen prevantif pou timoun ak adilt nan Utah. Answit, Doktè Olsen angaje pou ekselans nan edikasyon avanse ak avansman pwofesyon dantis la. Li se yon dantis ekip avèk Primary Children's Medical Center nan Salt Lake City, kote li sèvi kòm yon enstriktè pou rezidan dantè timoun. Doktè Olsen se yon asistan pwofesè adjwen nan University of Utah kote li anseye nan pwogram GPR pou School of Medicine epi li anseye etik swen dan pou School of Dentistry. Kòm yon Direktè Dantè MCNA pou Eta Utah, Doktè Olsen ede sipèvize tout fonksyon kontwòl itilizasyon ak ekip Egzaminatè Klinik MCNA. |
![]() |
David Stewart, DDS, MS
Direktè Sèvis Dantè, Utah
Doktè David Stewart, yon Diplomat Konsèy Ameriken pou Dantistri Timoun, sèvi kòm youn nan Direktè Swen Dan MCNA Utah. Doktè Stewart se yon diplome University of Iowa College of Dentistry epi... Kontinye Lekti »Doktè David Stewart, yon Diplomat Konsèy Ameriken pou Dantistri Timoun, sèvi kòm youn nan Direktè Swen Dan MCNA Utah. Doktè Stewart se yon diplome University of Iowa College of Dentistry epi li te resevwa sètifika Dantistri Pedyatrik li nan Primary Children's Medical Center ki nan Salt Lake City. Anvan li te kontinye pou resevwa diplòm dantè li, li te resevwa doub Metriz nan Administrasyon Sante Piblik ak Sèvis Sosyal nan University of Utah. Pou kounye a, Doktè Stewart se yon Asistan Pwofesè nan College of Dental Medicine nan Roseman University of Health Sciences, yon wòl kote li konsantre sou ofisyalize didaktik timoun ak matyè debaz klinik. Li te sèvi tou kòm yon Dantis Timoun patnè nan Primary Children's Medical Center depi ane 2002, pou sipèvize aktivite klinik rezidan dantè yo nan Pwogram Rezidans Dantè Timoun. Kòm yon pati entegral nan ekip dirijan MCNA nan Eta Utah, Doktè Stewart ede dirije ekip nou an ki baze nan Utah pou asire manm nou yo resevwa sèvis swen dan prevantif ak sèvis kalite siperyè. |