Rezilta Rechèch la
Anile Rechèch la
Anile Rechèch la
Rezilta Rechèch la, Tanpri eseye diferan tèm rechèch la.
Ap Chèche. Tanpri Rete Tann.
 
Kesyon Moun Poze Souvan

Nou Gen Repons Ou yo

Anba la a se kèk kesyon moun poze souvan pou Manm ak Moun nou yo. Klike sou nenpòt kesyon pou ale nan repons lan.

Ou gen lòt kesyon pou nou? Kontakte nou pou pale avèk yon Anplwaye Sèvis Manm ki devwe.

Kesyon

Repons

  1. Kijan pou mwen jwenn yon dantis?
    Fè rechèch nan Anyè Dantis nou sou Entènèt pou jwenn yon dantis ki toupre ou. Ou kapab chèche yon dantis dapre non, sèks, adrès, lang, ak plis.
  2. Èske mwen kapab enprime Kat ID Manm mwen?
    Wi! Vizite Pòtal Manm nou an pou enprime Kat ID Manm ou.
  3. Kijan pou mwen pran yon randevou?
    Rele dantis ou chwazi a nan rezo MCNA pou fè klinik prive li konnen pwoteksyon ou genyen. Y ap pwograme ou pou randevou ou. Kontakte Liy Dirèk Sèvis Manm nou si ou bezwen èd.
  4. Kisa pou mwen fè si mwen bezwen anile randevou mwen?
    Li enpòtan pou ale nan randevou ou. Moman sa a enpòtan anpil pou dantis ou. MCNA mande ou rele klinik prive dantis ou omwen 24 èdtan davans pou fè yo konnen ou pa kapab vini nan randevou ou.
  5. Konbyen fwa mwen ta dwe ale kay dantis mwen?
    Li rekòmande pou ou ale kay dantis ou chak 6 mwa pou fè yon egzamen ak netwayaj dan.
  6. Kisa pou mwen fè si mwen bezwen chanje dantis mwen?
    Chwazi plan ou pou konnen kijan pou chanje dantis ou nan plan sa a. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Liy Dirèk Sèvis Manm nou pou pale avèk yon anplwaye.
  7. Ki avantaj dantè mwen genyen?
    Nou ofri swen nan dan pou satisfè pifò bezwen dantè ou. Avantaj yo pa menm selon plan dantè ou chwazi a. Klike la a pou chwazi plan dantè ou epi pou jwenn plis enfòmasyon.
  8. Kijan pou mwen kontakte MCNA si mwen gen kesyon oswa si mwen bezwen èd?
    MCNA enterese fè ou souri byen. Nou isit la pou ede ou. Tanpri rele nimewo Liy Dirèk Sèvis Manm nou pou kesyon ou yo.
  9. Ki kalite plan dantè ou ofri?
    MCNA ofri Medicaid, Children's Health Insurance Program (CHIP), ak plan Medicare pou manm nou yo. Klike la a pou wè yon lis plan nou yo.
  10. Ki kote mwen kapab telechaje fòm yo?
    Ou kapab telechaje fòm yo nan paj Fòm ak Dokiman nou.
  11. Ki kèk kesyon mwen ta dwe poze dantis pandan vizit pou swen dan?

    Men kèk nan sijesyon nou yo pou kesyon ou ta dwe poze dantis la:

    • Konbyen fwa mwen ta dwe fè yon tchekòp dan?
    • Konbyen lajan sèvis swen dan sa yo ap koute mwen?
    • Pou kisa mwen bezwen fè yon netwayaj?
    • Èske mwen gen twou nan dan?
    • Ki kalite bwòs dan mwen ta dwe itilize?
    • Kijan pou mwen pran swen bouch tibebe mwen?
    • Èske gen yon koneksyon ant rejim alimantè ak sante oral?
    • Pou kisa fliyori bon pou mwen?
    • Kisa mastik dantè ye, kimoun ki ta dwe genyen yo, epi konbyen tan yo dire?
    • Kijan mwen kapab evite "dekonpozisyon dan akòz bibwon"?