Rezilta Rechèch la
Anile Rechèch la
Anile Rechèch la
Rezilta Rechèch la, Tanpri eseye diferan tèm rechèch la.
Ap Chèche. Tanpri Rete Tann.
 
Règleman nou dapre HIPAA

MCNA Pwoteje Enfòmasyon Ou yo

MCNA fyè paske yo rekonèt nou kòm lidè nan endistri avantaj swen dan. Youn nan pwen fò nou yo se konpetans nou genyen pou administre plan swen dan yo nan yon mannyè ki efikas ak inovatè pandan nou pwoteje enfòmasyon pwoteje sou sante manm nou yo. Nou pran angajman pou respekte kondisyon ak prensip Lwa 1996 sou Pòtabilite ak Disponiblite Asirans Sante (HIPAA). Nou montre angajman nou nan aksyon nou.

MCNA aplike règleman ak pwosedi nan nivo konpayi an pou respekte dispozisyon HIPAA. Nou fè fòmasyon ak edikasyon anplwaye yo regilyèman anrapò avèk egzijans HIPAA pou asire nou itilize règleman ak pwosedi sa yo.

Avi sou Itilizasyon ak Divilgasyon Enfòmasyon Prive

Avi sa a dekri fason nou ka itilize ak divilge enfòmasyon sou sante ou ak fason ou kapab jwenn enfòmasyon sa yo. Tanpri revize avi a avèk anpil atansyon. Li enpòtan pou nou pou kenbe enfòmasyon sou sante ou konfidansyèl.

Avi sa a te anvigè nan dat 14 avril 2003. Nou te modifye pratik konfidansyalite sa yo apati mwa jwen 2018. Yo pral rete anvigè jiskaske nou chanje yo. Avi sa a aplike pou tout pwogram swen dan MCNA ki anba administrasyon Managed Care of North America, Inc. ak Konpayi Asirans MCNA.

Ki responsablite Legal MCNA konsènan avi sou pratik konfidansyalite?

Lalwa fè konnen MCNA dwe kenbe enfòmasyon sou sante ou konfidansyèl. Nou dwe ba ou Avi sa a sou fason nou pwoteje enfòmasyon prive, responsablite legal nou yo ak dwa ou. Nou dwe swiv pratik konfidansyalite yo ki nan avi sa a. Si li nesesè, nou kapab chanje avi a epi nouvo avi a ta aplike pou tout enfòmasyon nou kenbe sou sante ou. Si sa rive, nouvo avi a pral disponib sou demann, n ap afiche li sou sitwèb nou oswa n ap voye yon kopi ba ou (sou fòm elektwonik oswa pa lapòs). Nou dwe fè chanjman yo nan limit lalwa. Chanjman yo ka aplike pou tout ansyen ak nouvo enfòmasyon nou genyen. Anvan nou chanje pratik konfidansyalite nou yo, n ap chanje avi sa a.

Kisa enfòmasyon pèsonèl sou sante ye?

Enfòmasyon pèsonèl sou sante gen ladan enfòmasyon medikal ak enfòmasyon ki kapab idantifye ou apa, tankou non, adrès, nimewo telefòn, oswa nimewo Sekirite Sosyal ou. Nou kreye enfòmasyon sa yo oswa nou resevwa yo nan klinik yon pwofesyonèl swen sante oswa plan sante ki asosye avèk sante fizik oswa sante oswa maladi mantal ou, ki bay swen sante pou ou, oswa peman pou swen sante a. Nou pwoteje enfòmasyon sa yo nan tout fòma tankou fòm enfòmasyon elektwonik, enfòmasyon ki ekri, ak enfòmasyon aloral.

Kijan nou pwoteje enfòmasyon ou yo?

Nan respè pou lwa federal ak lwa leta ak règleman pa nou, nou gen yon responsablite pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon ou yo. Nou gen garanti anplas pou pwoteje enfòmasyon ou yo nan anpil fason diferan tankou:

  • Nou limite moun ki ka wè enfòmasyon ou yo ak fason nou itilize oswa divilge enfòmasyon ou yo.
  • Ba ou enfòmasyon sou devwa legal ou konsènan enfòmasyon ou yo.
  • Nou fòme anplwaye ak asosye nou yo konsènan règleman ak pwosedi konpayi an.

Kisa dwa mwen yo ye konsènan enfòmasyon sou sante mwen?

Anba la se dwa ou yo anba règ konfidansyalite a. Ou gen dwa pou:

  • Jwenn yon kopi dosye sante ou ak dosye reklamasyon ou yo.
    • Ou kapab mande pou wè oswa pou jwenn yon kopi dosye sante ou ak dosye reklamasyon ou yo, ak lòt enfòmasyon nou genyen sou ou. Mande nou fason pou fè sa.
    • N ap ba ou yon kopi oswa yon rezime dosye sante ak dosye reklamasyon ou, anjeneral nan 30 jou apre ou fè demann lan. Nou ka mande ou pou peye yon frè ki rezonab dapre depans nou fè.
  • Mande nou pou korije (modifye) dosye sante ou ak dosye reklamasyon ou yo.
    • Ou kapab mande nou pou korije dosye sante ou ak dosye reklamasyon ou yo si ou panse yo pa kòrèk oswa pa konplè. Nou ka refize demann ou si se pa ki te kreye enfòmasyon yo, si nou pa konsève enfòmasyon yo, oswa si enfòmasyon yo kòrèk ak konplè.
    • Nou ka bay refi pou demann ou, men n ap toujou fè ou konnen pou kisa alekri nan 60 jou.
  • Kominikasyon konfidansyèl sou demann.
    • Ou kapab kontakte nou nan yon sèten fason (pa egzanp, telefòn kay oswa telefòn biwo) oswa pou nou voye kourye nan yon adrès diferan pou evite yon sitiyasyon ki menase lavi ou.
    • N ap konsidere tout demann rezonab yo epi nou dwe di "wi" si ou di nou ou ta an danje si nou pa t fè sa.
  • Mande nou pou limite (mete restriksyon sou) sa n ap itilize oswa divilge.
    • Ou kapab mande pou nou pa itilize oswa divilge sèten enfòmasyon sou sante ou pou tretman, peman oswa operasyon ou yo.
    • Nou pa gen obligasyon pou dakò avèk demann ou epi nou ka di "non" si sa ta afekte swen sante ou. Ou gen dwa tou pou dakò oswa ak restriksyon ou te soumèt anvan an oswa pou mete yon pwen final ladan.
  • Jwenn yon lis moun nou divilge enfòmasyon an ba yo.
    • Ou kapab mande yon lis (kontrandi) kantite fwa nou te divilge enfòmasyon sou sante ou pou sis (6) ane yo anvan dat ou mande a, ba kimoun nou te divilge enfòmasyon yo, epi pou kisa nou te divilge enfòmasyon yo.
    • N ap mete tout divilgasyon yo, sof pou divilgasyon konsènan tretman, peman ak operasyon swen sante ak sèten divilgasyon (tankou nenpòt sa ou te mande nou pou fè). N ap ba ou yon kontrandi chak ane gratis men n ap fè ou peye yon frè rezonab ki baze sou pri a si ou mande nou yon lòt kontrandi nan 12 mwa.
  • Jwenn yon kopi avi sa a konsènan konfidansyalite enfòmasyon prive.
    • Ou kapab mande yon kopi avi sa a sou papye nenpòt kilè, menmsi ou te dakò pou resevwa avi a sou fòm elektwonik. N ap ba ou yon kopi sou papye san pèdi tan.
  • Chwazi yon moun pou pran desizyon pou ou.
    • Si ou te bay yon moun pwokirasyon medikal oswa si yon moun se responsab legal ou, moun sa a kapab egzèse dwa ou yo epitou li kapab fè chwa konsènan enfòmasyon sou sante ou.
    • N ap asire moun nan gen otorizasyon epitou li kapab pran desizyon pou ou anvan nou fè nenpòt aksyon.
  • Mande nou pou divilge enfòmasyon yo ba fanmi ou, zanmi pwòch ou yo, oswa ba lòt moun ki patisipe nan peman pou swen sante ou. Si ou pa kapab di nou sa ou pi pito a, pa egzanp si ou pèdi konesans, nou ka deside divilge enfòmasyon ou yo si nou kwè sa ap nan pi bon enterè ou.

Kijan MCNA kapab Itilize oswa divilge Enfòmasyon sou sante mwen?

Nou gen pèmisyon oswa obligasyon pou divilge enfòmasyon ou yo nan lòt fason. Nou dwe satisfè sèten kondisyon nan lalwa anvan nou kapab divilge enfòmasyon ou yo pou rezon sa yo.

  • Èd avèk pwoblèm sante piblik ak sekirite piblik
    • Nou kapab divilge enfòmasyon sou sante ou pou sèten sitiyasyon tankou:
      • Prevansyon maladi
      • Bay èd pou rantre pwodui
      • Rapòte reyaksyon negatif nan medikaman yo
      • Rapòte abi, neglijans oswa vyolans nan kay ki sispèk
      • Prevansyon oswa rediksyon yon menas grav pou sante oswa sekirite nenpòt moun
  • Fè rechèch
    • Nou kapab itilize oswa divilge enfòmasyon ou yo pou rechèch sou sante
  • Konfòme nou avèk lalwa
    • N ap divilge enfòmasyon sou ou si oumenm oswa lwa federal yo egzije sa, tankou ba Depatman Sante ak Sèvis Sosyal si yo vle wè jan nou respekte lwa federal konsènan konfidansyalite enfòmasyon.
  • Satisfè demann konpansasyon travayè, lapolis ak lòt demann gouvènman
    • Nou kapab divilge enfòmasyon sou sante ou:
      • Pou reklamasyon konpansasyon travayè
      • Pou objektif lapolis oswa ba yon ofisyèl lapolis
      • Ba ajans sipèvizyon pou aktivite lalwa otorize
      • Pou fonksyon espesyal gouvènman, tankou fòs lame, sekirite nasyonal, ak sèvis pwoteksyon prezidan
  • Bay repons pou pwosè ak aksyon legal
    • Nou kapab divilge enfòmasyon sou sante ou pou bay repons pou yon lòd administratif tribinal, oswa pou bay repons pou yon asiyasyon pou ale nan tribinal.
  • Pou ede nan efè pou bay soulajman nan katastwòf
  • Pou kontakte ou avèk enfòmasyon sou avantaj ak sèvis ki anrapò ak sante, pou fè ou sonje ou gen randevou, oswa sou lòt kalite tretman ki ka enterese ou si ou pa t chwazi pou pa patisipe jan sa dekri anba la a.
  • Divilge enfòmasyon ou yo ba konpayi ki finanse plan an poui pèmèt yo ranpli fonksyon administrasyon plan an tankou aktivite kalifikasyon, enskripsyon, ak anilasyon enskripsyon. Nou p ap divilge enfòmasyon detaye sou sante ou ba esponsò plan an sof si ou ban nou pèmisyon pou fè sa, oswa si esponsò plan ou te sètifye yo dakò pou respekte konfidansyalite enfòmasyon ou yo.
  • Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou ba yon doktè lejis oswa ba yon doktè egzaminatè. Nou ka divilge enfòmasyon medikal ou ba direktè ponp finèb ki annamoni avèk lwa ki anvigè pou yo pran responsablite yo.
  • Nou p ap janm divilge enfòmasyon ou yo pou objektif maketing, nou p ap janm vann enfòmasyon sou sante pèsonèl ou oswa nou p ap janm divilge pifò itilizasyon ak divilgasyon nòt siko-terapi sof si ou ban nou pèmisyon alekri pou fè sa.

Kisa responsablite mwen yo ye konsènan enfòmasyon sou sante mwen?

Nou gen obligasyon dapre lalwa pou kenbe konfidansyalite ak sekirite enfòmasyon pwoteje sou sante ou. N ap fè ou konnen san pèdi tan si gen yon vyolasyon ki te ka menase konfidansyalite oswa sekirite enfòmasyon ou yo. Nou dwe swiv responsablite nou yo ak pratik konfidansyalite ki dekri nan avi sa a epitou nou dwe ba ou yon kopi ladan. Nou p ap itilize ni divilge enfòmasyon ou yo pase sa ki dekri la a sof si ou di nou kapab fè sa alekri. Si ou di nou kapab fè sa, ou ka chanje lide ou nenpòt kilè. Fè nou konnen alekri si ou chanje lide ou.

Nan ki kalite kominikasyon MCNA mwen kapab chwazi pou pa resevwa?

  • Rapèl pou randevou yo
  • Lòt kalite tretman oswa lòt avantaj oswa lòt sèvis sante
  • Aktivite pou ranmase lajan

Kisa nou fè avèk enfòmasyon ou yo lè ou pa yon manm Humana ankò oswa lè ou pa jwenn pwoteksyon nan konpayi asirans nou?

Enfòmasyon ou yo ka kontinye sèvi pou objektif ki dekri nan avi sa a lè ou pa manm oswa lè ou pa jwenn pwoteksyon nan konpayi asirans nou. Apre peryòd konsèvasyon legal ki obligatwa a, nou detwi enfòmasyon yo dapre pwosedi serye pou konsève konfidansyalite.

Kijan pou mwen egzèse dwa mwen yo? Kisa mwen ta dwe fè si mwen kwè yo vyole konfidansyalite mwen?

Si ou vle egzèse dwa ou oswa si ou kwè nou vyole konfidansyalite ou nan nenpòt fason, ou ka depoze yon plent ban nou depi:

  • Ou rele nou gratis nan nimewo 1-800-494-6262 nenpòt lè
  • Imèl nou demann ou oswa plent ou nan compliance_reporting@mcna.net
  • Voye demann ou alekri ba:
    • MCNA Dental
      Atansyon: Privacy Officer
      nan adrès: 200 West Cypress Creek Road, Suite 500
      Fort Lauderdale, Florida 33309

Ou kapab depoze yon plent tou konsènan vyolasyon dwa sivil ou avèk Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini(U.S. Department of Health and Human Services) Biwo pou Dwa Sivil depi ou:

Nou p ap fè vanjans kont ou poutèt ou depoze yon plent.

Ou ka telechaje yon kopi Avi sa a sou Pratik Konfidansyalite depi ou klike la a.

Divilge Enfòmasyon Ou yo

Kòm yon manm MCNA, ou kapab chwazi pou divilge enfòmasyon ou yo enstitisyon endepandan yo. Ou kapab aksepte oswa refize divilge enfòmasyon ou yo nan Pòtay MCNA . Ou kapab jwenn yon lis konplè tout aplikasyon endepandan MCNA sipòte yo nan Pòtay Manm nou. Tanpri kreye kont ou oswa konekte nan kont ou pou wè lis la.

Devlopè Aplikasyon

Si ou se yon devlopè pou yon aplikasyon endepandan, ou dwe anrejistre aplikasyon ou avèk MCNA. Tanpri revize detay nou yo pou Aksè nan aplikasyon endepandan Third-Party Access details pou jwenn enstriksyon yo pou koneksyon nan API.