MCNA Pwoteje Enfòmasyon Prive Ou
MCNA respekte enkyetid ou pou enfòmasyon prive lè ou ale sou sitwèb nou. Nou gen responsablite enpòtan pou pwoteje sekirite enfòmasyon pèsonèl nou rasanble ki konsène ou. Deklarasyon sa a konsène enfòmasyon nou pran ki konsène ou nan sitwèb sa a. Ou ka resevwa lòt avi sou enfòmasyon prive nan kèk moman nan MCNA, afilye li yo, oswa filyal li yo ki asosye avèk enfòmasyon prive ak sekrè enfòmasyon pèsonèl ou. Avi sa yo ka aplike tou pou enfòmasyon nou pran nan sitwèb nou.
Règleman sa a sou Enfòmasyon Prive detèmine fason pou jwenn ak itilize tout sitwèb MCNA ("Sitwèb yo") ak sèvis yo, ansanm ak Pòtay Pwofesyonèl Swen Sante MCNA ("Sèvis yo") nou ofri sou sitwèb yo. Ou dwe li Règleman sa a sou Enfòmasyon Prive yo ansanm avèk nenpòt akò apa ou ka genyen avèk MCNA. Si gen yon konfli ant akò a ak Règleman sa a sou Enfòmasyon Prive yo, se Kondisyon Itilizasyon akò a k ap gen priyorite.
Tanpri li Deklarasyon sa a sou Enfòmasyon Prive sou Entènèt avèk anpil atansyon pou ou kapab konprann pratik enfòmasyon prive nou sou entènèt. Depi ou ale sou nenpòt nan sitwèb nou yo, ou dakò pou respekte Règleman sa sou Enfòmasyon Prive. Si ou gen nenpòt kesyon sou Deklarasyon sa a sou Enfòmasyon Prive a sou Entènèt, pratik sitwèb sa a, oswa rapò ou avèk enfòmasyon yo, tanpri contact us.
Kalite Enfòmasyon nou Pran
Enfòmasyon Pèsonèl
MCNA ka pran enfòmasyon pèsonèl sou ou pou nou kapab ba ou enfòmasyon, pwodui, ak sèvis nan sitwèb nou an. Enfòmasyon pèsonèl sa yo ka gen ladan, men pa sèlman, non ou, adrès ou, ak nimewo sekirite sosyal ou. Yo ka gen ladan enfòmasyon finansye ou bay avèk volonte ou lè ou enskri oswa ap fè tranzaksyon yo. Nou ka pran enfòmasyon ki pa pèsonèl tou sou fason ou fè rechèch nan sitwèb la.
Done Itilizatè Soumèt
MCNA ka pran Done Itilizatè yo Soumèt tou, ki se nenpòt enfòmasyon ou soumèt ba MCNA sou nenpòt nan sitwèb nou yo, tankou enfòmasyon pèsonèl, enfòmasyon pou pran kontak, ak enfòmasyon finansye, (ansanm, "Done Itilizatè Soumèt"). Nou konsève Done Itilizatè yo Soumèt lè ou anrejistre pou itilize Sitwèb nou yo, pou itilize Sèvis yo sou sitwèb nou yo, ranpli yon fòm, oswa voye yon imèl ban nou. Nou ka itilize enfòmasyon sa yo pou kominike avèk ou.
Kouki
MCNA ka itilize adrès IP ou pou ede dekouvri pwoblèm avèk sèvè nou epi pou administre Sitwèb nou yo. Nou ka itilize lòt mwayen tou, tankou kouki, pou rasanble enfòmasyon ki pa pèsonèl nan itilizasyon sitwèb la. Kouki yo se ti pyès enfòmasyon navigatè sitwèb nou an konsève nan disk di òdinatè ou ki idantifye navigatè sitwèb òdinatè ou sèlman. Nou ka itilize enfòmasyon sa yo pou amelyore kalite Sitwèb nou yo ak/oswa Sèvis nou yo. Pifò navigatè sitwèb aksepte kouki yo otomatikman, men ou kapab chanje paramèt navigatè ou pou anpeche itilizasyon kouki yo. Si ou chwazi pou fikse navigatè sitwèb ou pou bloke itilizasyon kouki yo, kèk pòsyon nan sitwèb nou an ka pa disponib pou ou.
Done Gwoupe/Analitik Itilizatè
MCNA ka kreye ak konsève done gwoupe nan gwo gwoup itilizatè pou ede amelyore Sèvis Konpayi an. Analitik sa yo pa gen okenn enfòmasyon pèsonèl. Yo kapab bay Konpayi an enfòmasyon itil kòm rezilta nan sèvè, kalite navigatè sitwèb ou itilize ak vizyalizasyon paj k ap pèmèt MCNA kominike enfòmasyon yo yon fason ki pi efikas avèk itilizatè li yo, epi amelyore Sitwèb li yo ak/oswa Sèvis li yo.
Ajan yo
MCNA anplwaye konpayi pou fè sèvis yo sou non nou. Kèk nan sèvis sa yo se enfrastrikti teknik ak teknoloji enfòmasyon, operasyon ak ebèjman Sitwèb nou yo ak/oswa Sèvis nou yo, voye kourye pa lapòs ak imèl, analize done, bay èd, travay sou peman yo, ak sèvis kliyantèl. Nou ka divilge enfòmasyon pèsonèl ou yo ak Done Itilizatè Soumèt, ki ka gen enfòmasyon pèsonèl avèk vandè sa yo. Vandè sa yo dakò pou respekte konfidansyalite ak onètete enfòmasyon pèsonèl yo resevwa yo. Nou pa vann enfòmasyon pèsonèl ou ba yo.
Konpayi Filyal yo
MCNA gen dwa pou divilge enfòmasyon pèsonèl ou yo an nenpòt Done Itilizatè Soumèt ba konpayi prensipal ou ak konpayi filyal yo.
Nou p ap divilge okenn enfòmasyon pèsonèl ki pa piblik nou pran sou kliyan nou yo oswa sou ansyen kliyan nou yo, jan sa dekri anwo, sof jan lalwa bay pèmisyon pou sa oswa egzije sa.
Sekirite ak Konfidansyalite
Sitwèb nou yo gen mezi sekirite anplas pou pwoteje pèt, move itilizasyon, ak chanjman enfòmasyon ki sou kontwòl nou. Sitwèb nou yo itilize Pwotokòl Sekirite Kriptaj (Secure Sockets Layer, SSL) pou transmèt dokiman prive sou Entènèt. SSL travay lè yo itilize yon kle prive pou pwoteje done ki transfere nan koneksyon SSL. Navigatè sitwèb Mozilla Firefox, Apple Safari, Chrome, ak Internet Explorer sipòte SSL. Anpil sitwèb itilize pwotokòl sa a pou jwenn enfòmasyon sekrè itilizatè, tankou nimewo kat kredi.
MCNA gen yon sekirite para-fe pou anpeche aksè san otorizasyon. Tout mesaj ki antre oswa sòti nan Sitwèb sa yo pase nan para-fe a, ki egzamine yo chak. Li bloke enfòmasyon ki pa satisfè kritè sekirite ki espesifye. Menmsi SSL efikas menm jan avèk para-fe yo, pa gen sistèm sekirite yo pa ka antre ladan. Nou pa kapab garanti sekirite baz done nou yo, ni nou pa kapab garanti lòt moun p ap jwenn enfòmasyon ou bay yo pandan w ap transmèt yo ban nou sou Entènèt. Sizoka gen yon vyolasyon done yo, MCNA dwe voye avi san pèdi tan ba nenpòt Founisè Sèvis oswa Òganizasyon Swen Sante ki ka afekte epi kolabore avèk òganizasyon sa yo ak ofisyèl lapolis, kote genyen, pou mennen ankèt sou vyolasyon done yo epi pou rezoud sa.
Answit, lè ou anrejistre pou itilize sitwèb nou an, n ap kreye yon non itilizatè ak yon modpas. Non ak modpas itilizatè ou se kle prive ou pou antre nan kont ou. Pou toujou kenbe sekrè enfòmasyon ak sekirite kont ou, ou pa ta dwe janm kite okenn moun konnen non ak modpas itilizatè ou.
Lyen ki Mennen nan Lòt Sitwèb
MCNA ka ba ou lyen pou ale nan lòt sitwèb. Toujou sonje si ou klike sou yon lyen epi si ou sòti nan sitwèb nou an, ou ka gen pou respekte lòt règleman enfòmasyon prive Entènèt nou pa ni kontwole ni responsab. Nou rekòmande pou li règleman sou konfidansyalite sitwèb la kote ou konekte anvan pou soumèt enfòmasyon pèsonèl ou.
Chanjman nan Deklarasyon sou Enfòmasyon Prive nan Entènèt
Deklarasyon sou Enfòmasyon Prive nan Entènèt anvigè depi 1ye janvye 2005. Nou ka chanje Deklarasyon sa a sou Enfòmasyon Prive nan Entènèt nenpòt lè epi san preyavi. Deklarasyon sa a sou Enfòmasyon Prive nan Entènèt pa la pou kreye oswa pa kreye nenpòt dwa pou kontra oswa lòt dwa legal nan oswa sou non nenpòt moun. Depi ou bay enfòmasyon yo pou Sitwèb ak/oswa Sèvis nou yo, ou renonse tout dwa pou depoze plent konsènan imèl ou pa mande nan MCNA, paske ou dakò pou kominikasyon konsènan lè ou bay enfòmasyon ou yo pou MCNA. Men, ou ka anile abònman ou nan sèten kominikasyon depi ou fè MCNA konnen demann ou.